Tansyon Wo ( Ipètansyon), Hypertension, ( Gwo Tansyon)

Eskew konnen “Tansyon Wo” se yon pwoblèm mondyal trè frekan ? Eske ou konnen sou chak 10 moun ou konnen, enkli : Manmanw, Papaw, frèw ak Sèw oubyen zanmiw, gen omwen 6 Nan 10 moun sa yo ki ka soufri tansyon wo. Anplis, Eskew konnen Nan 6 moun sa yo, gen omwen 4 pami yo ki pa konnen ke yo sourfri tansyon wo (ipètansyon). Eke chak jou 4 moun sa yo pase San tretman pou tansyon wo, gen on mwen younn nan 4 moun sa yo ki ka devlope yon STROK( dega nan sèvo) san atann, nenpòt moman nan lavil.

An verite, mwen konnen Tansyon wo ka yon sijè ki nouvo pou ou. E pou eksperyans ke mwen genyen nan domenn sante kom on doktè kè(kadyològ). Gen kèk Kesyon ke mwen toujou jwenn moun pozem e ke ou menm Petèt ap poze tèt ou menm kesyon sa yo : kisa ki tansyon wo(ipètansyon) an menm? Kijan map fè konnen sim fè tansyon wo? Ki kalite moun ki ka fè tansyon wo? Eske gen mwayen pou evite moun fè tansyon wo? Eske gen trètman pou moun ki fè tansyon wo. Eske ipètansyon ka tiye on moun sil pa janm trete ?


KISA KI IPETANSYION AN MENM ?

Sistèm ki sikile san nan kòw pou pote oksijenn ak nitriman( manje) Nan tout pati Nan kòw (ògan) espesyalman sèvo( tèt ou),ren ou, ak ou, rele sistem Kadyovaskilè. Sistèm kadyovaskilè an se yon sistèm ki fòme avek kè ou epi on pakèt vènn ak atè ki konekte avèl pou sikile San nan nou chak jou tankou yon tiyo ki pa janm kanpe. Nan sans sa menm Jan ak on tiyo, an sikile san nan sistèm nan ak on fòs ke yo rele Tansyon( presyon) ke sistèm nan ka tolere. Presyon an kreye 2 Numero, younn rele "sistolik", lot la rele "diyastolik". Li enpotan pou nou konnen 2 numero sa yo pou kontrole tansyon ou. Menm Jan ou gen yon tank dlo ki konekte ak yon Koubelann pou sikile dlo deyò tank lan. Chak fwa ou ouvè tiyo an tank lan pouse dlo an ak yon fòs (tansyon) ki byen.Lè dlo fin kite tank lan, li kontinye sikile Nan koubelann. fòs (Tansyon) dlo an kap sikile nan koubelann toujou pi ba pa rapò ak tansyon ki Nan tank lan.


sistèm kadyovaskilè

Egzanp tank dlo ak kobelann lan fonksyone preske menm Jan ak sistèm kadyovaskilè kap sikile san nan sistèm nou. Fòs (Tansyon) san ki soti Nan an ( tank lan)  ki byen e enpòtan, sipoze 120mmhg (120 nan mezi fòs) ki dwe byen fò, yo rele fòs sa Tansyon sistolik( premye nimero tansyon an). Fòs (tansyon) san kap sikile Nan atè yo( koubelann lan) sipoze 70mmhg (70 nan mezi fòs), Yo rele sa Tansyon diyastolik( dezyèm nimero tansyon an) ki toujou byen fèb. Nan sans sa, on Tansyon normal pou sistèm nou ( ògann yo) sipoze 120/70. Yo konsidere bèl tansyon sa kom yon tansyon optimal pou kò nou foksyone san pwoblèm ak sistèm kadyovakilè an.

Nòmalman, tansyon on moun  ka monte de tan zan tan a 140/90 aprè pou li desann nan 120/70 ki se yon bagay ki nomal depandaman de aktivite ke moun nan ap fè nan moman an. Pa egzanp nan moman ke wap kouri, fè egzisis, nan moman ke ou strese, nan moman wap manje, nan moman ou sezi, nan moman kè sote, nan moman ou fè move san, e menm nan moman kè ou kontan anpil tankou le wap fè sex. Nan moman sa yo, tansyon nan sistem nan sipoze monte pou ka pote plis oksijenn ak nitriman nan sistèm nan. Pou tèt sa, defwa nan moman sa yo tansyon an ka monte piwo ke 140/90, 150/90, defwa 160, sitou si wap fe gwo akitive fizik oubyen nan sitwasyon laviw an danje tankou lè wap kouri anban bal pouw sove tèt ou. Konsekaman aprè sa tansyon an toujou sipoze retounen nan numero optimal lan ki se 120/70, oubyen pi ba ke 120/70, imidyatman aprè ou kanpe oubyen sispann aktivite sa yo ki te monte tansyon an.


EBYEN, KILE MOUN SOUFRI TASYON MENM?

Kondisyon tansyon wo an komanse se lè ou gen yon tansyon ki rete anlè oubyen egal ak 140/90, epi ki pa janm desann pandan plizyè jou, plizyè mwa oubyen plizyè lane. Ou wè tansyon wo sa (ki rete anlè 140/90 lan),li se yon gwo menas pou sistèm nan. E li se yon menas paske le li rete byen wo sou tèt palmis lan, epi li pa janm desann, li ka koze anpil dega nan sistem kadiyovaskilè an avèk letan. Wi pitit, tansyon danje sa( ki rete anlè 140/90 lan) pa janm desann kit ou chita, kit ou domi, kit wap mache, kit wap manje. Tande, ou wè, maglre wap repozew lakay ou, byen trakil tansyon an rete byen wo nan sitèm ou anlè 140/90 oubyen 150/90 defwa 160/100, wa di se kouri ou tap kouri pou sove laviw anba bal tandiske se chita ou chita lakay anrepo. An gran jan, yo konsidere tansyon wo sa (140/90 ki pa janm desann nan) tankou on danje sosyal. Tansyon wo sa miltipliye risk( chans) pou moun  soufri domaj irevèsib( ou pap ka defèt sak te fèt) nan ògann vital tankou ( tank lan), sèvo( tèt ou) ak ren e nan gwo atè yo (koubelann) tankou gwo atè awòt.


Tansyon Wo

KIJAN MAP FE KONNEN SIM GEN TANSYON WO KI PA JANM DESANN?

Meyè fason pou konnen siw fè tansyon wo se cheke tansyonw ak on machin tansyon ki rele "tansyomèt". Se vre, Mwen konnen ke ou pa Santi anyen, ou santiw anfom, ou pa janm ge on ti tèt fe mal menm nan laviw, eke ou pa wè rezon pouw ta tcheke tansyonw. Ebyen map profite diw ke rezon ki fe li enpotan pouw cheke tansyon pa woutin( menm ke ou pa santi anyen), se paske le pli souvan tansyon wo pa pwodwi pyès sentom( li pa bay tet fè mal, ni vant fè mal, ni la fyèv, ni kè fe mal, ni batman kè) sil poko fè gwo dega nan sistèm nan ak ògann vital yo. E kòm ou konnen janm dil oparavan, pou tansyon wo  fe dega nan sistèm nou, li pran tan li. Li pran plizyè jou, plizyè mwa ak plizyè lane, li rete anle 140/90 pou li fe dega. Le tansyon wo rive on lè li fè kont dega nan sistèm nan ak ògann vital yo, lap gentan twò ta, paske dega sa yo anpil fwa ou pap ka defèt yo. Nan moman dega yo fèt, ou ka rete on sèl jou, ou Santi tet fe mal, ou santi kouw on ti jan rèd, ou komanse wè twoub, on santi on ponyèt ou lou, san fòs, on bò nan figiw defòme, jiskaske ou abouti ak on STROK.

Se pou tèt se yo yo baw tansyon wo on ti non ki rele "tiyè silansye" an bon kreyol lap kraze sistèm ou, manje ogan vital yo anba anba. Lap manje anndanw an silans jiska li fe gwo dega ki ka menm mete laviw an danje. Pou tet sa, yo relel "tiyè silansye". Nan menm sans sa, Mwen konseyew siw ap li teks sa pouw konsidere tcheke tansyonw 2 ou 3 fwa nan yon semenn epi ekri Numero sistolik ak dyastolik lan Nan yon fèy papye. konsa si ou wè Numero yo rete anle 140/90 pandan kelke jou konsekitif, ou met konsidere ou ka soufri tansyon ki wo. E ou ka evite dega nan sitèm ou, le ou detekte li bonè. Si lèw fin kotrole tansyon aprè kèlke jou e ou sispèk ou fè tansyon wo. Nan ka sa wap bezwen ofri tèt ou yon opòtinite pou konsilte on doktè ki ka travay ansanm avèk ou pou jwenn yon plan pou trete kondisyon sa.


KIK KALITE GROUP MOUN KI KA FE TANSYON?

Yo estime ke 90% moun ki pase laj de 40 lane nan yon moman nan lavi moun sa yo gen yon risk(chans) pou yo soufri tansyon wo. Nòmalman, yo asosye sa avek laj ak jenetik Ki se kòz ipètansyon ki pi frekan. Yo konsidere laj avek jenetij kòm risk faktè (chans pou fe tansyon wo) ke nou paka kontrole. On lòt kote,  avèk entrodiksyon manje rapid( tchanpan), avèk dispozisyon teknoloji( machin, eskalye woulant) fè anpil moun fè mwens egzèsis e konsomasyon anpil farin ak sik, anplis ak anpil sèl miltipliye risk(posibilite) pou moun soufri tansyon wo ak yon laj ki pi jenn, defwa avan laj de 30 lane.

Pou tèt sa, Li tre frekan ke moun ki depase pwa nomal yo, moun ki obèz ak BMI plis ke 30 ka fe tansyon wo, byen ke obezite pa garanti ke wap fe tansyon ki wo. Menm Jan on moun ka an sante men li gen jenetik li ki koz ki le fe tansyon wo byen ke li mennen on vi an sante. Pami bagay(faktè) ki fè Moun fe tansyon wo ke nou ka kontrole, oubyen evite, gen: sigarèt (Moun kap fimen li), alkòl ( moun kap bwè plis ke 3 byè pa jou), sèl( moun ki manje deyò anpil) obezite( moun ki gen yon BMI 30 ou plis), sedantaris( moun ki renmen chita nan kay ki pa fe egzesis souvan) dayèt( moun ki pa manje fwi ak Vegetal).


ESKE GEM MWAYEN POU EVITE MOUN FE TANSYON?

Wi, Gen mwayen efikas pou prevni, oswa evite establisman tansyon wo. Mwayen sa yo yo rele  mwayen ki modifyab. Sa vle di se abitid ki nou ka chanje Nan vi nou ki ka amelyore, oubyen evite Tansyon wo (anle 140/90). Gen 5 bel abitid nou ka adopte ki ka amelyore tansyon San nou pa bwè medikaman:

1. Egzesis, fè egzèsis omwen 150 minit pa semenn ka desann Numero sistolik lan( nimero ki wo an) de 4 a 9 pwen.

2. Pedi pwa, yon rediksyon de 10 kg oubyen 22 liv nan pwa kò an ka desann presyon sistolik an de 5 a 20 pwen.

3. Sèl( sodyòm), redwi Nan kantite sèl ke wap konsome,  mwens ke 2g( 2000mg) pa jou ka desann tansyon sistolik lan de 2 a 8 pwen.

4.Dayèt, on dayèt ak fwi ki rich an potasyòm, epi Vegetal ak legim. Dayèt ki rekomande Nan ka sa rele DASH diet, ki ka desann tansyon sistolik lan de 8 a 14 pwen.

5. Alkòl, redwi konsomasyon alkòl a mwens ke 2 byè pa jou ka desann tansyon systolic lan de 2 a 4 pwen.


ESKE GEN TRETMAN POU MOUN KI FE TASYON WO?

Wi, Anpil fwa gras a Dye gen tretman pou tansyon wo. Avan tou, mwen ankouraje san kanpe,  pou adopte 5 abitid ke nou konnen ki ka amelyore tansyon anvan nou konsidere trete tansyon wo an ak medikaman, si se pa yon ka emèjennsi. On konbinezon de 5 abitid sa yo ansanm ka koze on gwo chajman pozitif nan tansyon sistolik lan.  

Konsa tou, Sa konn rive malgre nou aplike tou le 5 presip sa yo. Gen gwoup de moun tansyon yo toujou rete wo malgre tou. Le konsa nou panse asosye sa avèk jenetik e avek  laj 40 lane avanse, 60 lane ou plis. Yo rele Tansyon primè obyen tansyon wo de koz primè (ki vle di yon tansyon ke nou pa konnen orijin nan). Pwiske nou pa konnen orijin nan(kote li soti). nou oblije trete tansyon a lavèg, on fason pou nou enpeche li fè dega avek letan nan sistèm nou. Konsa tou, defwa tansyon wo ka asosye avek koz segondè ( sa vle yon tansyon wo ki nou konnen orijin nan). Pwiske Nan ka sa nou konnen  ki kote pwoblem tansyon wo an soti( orijin Nan), ebyen nou fokis trete origin lan. Anpil fwa le nou trete koz lan, tansyon wo an retounen nan numero optimal pou kont li.

Li enpotan pouw konnen ke 95 % mounki fè tansyon wo ap genyen premye fòm nan (tansyon primè)kote nou pa konnen koz lan. Apa de adoptasyon 5 bèl abitid pou kontrole tansyon an, an menm tan moun sa yo konn bezwenn medikaman tou pou ede sistèm nan retounnen nan tansyon optimal lan.


ESKE TANSYON KA TIYE MOUN SIL PA JANM TRETE?

Wi, tansyon ka tiye on moun sil pa trete, byen ki li ra si pa gen komobidite( lòt maladi) ki akonpanye tansyon ki wo. Pa egzanp on moun ki te fè strok deja, on moun ki fe sik(dyabèt), on moun ki gen anpil grèss nan san( kolesteròl wo), on moun ki gen pwoblem deja( ki te fè atak kadyak), ect.......kategori moun sa yo rele (high risk) = trè sansib pou yal nan peyi san chapo si tansyon wo yo pa byen kontrole.

Lè fini sak pi malere menm jan ak lanmò poum pa di plis ke lanmò sè ke tansyon wo ka fè ou develope yon STROK, ki pa paralizew, debilitew, li ka fè fanmiw chanje vi yo de fason pou yo ka pran swen ou, paske ou pap ka fe anyen pou kont ou lèw paralize, sitou Nan ka STROK ki ekstrèm.

An rezime, pou rezon ke nou mansyone avan yo, li enpotan pou chak moun depi a laj de 18 ane konnen omwen a ki tansyon ( presyon) ke san ap sikile nan sistem kadiyovaskilè an. Nan fason sa  nou ka idantifye on pakèt moun ki pa konnen ke yo fè tansyon, epi konseye moun sa yo cheche tretman, pou evite yo devlope yon STROK kòm konsekans de yon tansyon wo ki pa janm trete.




Dr lariviere

Mwen se Doktè Larivere spesyalist an cardioloji. Sa se yon blog pou trete sijè sante an kreyol, pou konble vid e edikie kominite an nan deba sante ki pi enpotan. Metew alez pouw li aprann on paket bel sije sante sou paj sa. Pa bliye kite komante epi pataje.

Post a Comment

Previous Post Next Post