Helicobacter pylori, H-pylori( H-pilori)



Anpil fwa nou tande moun gen doulè nan lestoma( vant fè mal), oubyen yo gen anpil gaz nan vant, oubyen yo pèdi pwa oubyen yo pèdi apeti. Ebyen H-pilori ki se yon mikrob ke nou kontrakte nan move lijyènn, se youn nan mikròb ki ka koze tout doleans sa yo. Anplis, ou ta sezi konnen ke 50% moun kap viv sou latè beni gen H-pilori kap viv nan vant yo. Sa vle di, li posib pou sou chak 10 moun ou kwaze 5 nan moun sa yo gen H pilori, enkli ou menm posibleman.

Pout tèt H-pilori Trè sou moun, e pou tèt li asosye avek risk pou devlope kansè nan estoma , ak risk pou develope ilsè nan estoma. Li enpotan pou nou konnen :

 Kisa H-pilori an ye? Kijan nou ka pran nan mikròb sa? Ki sentom moun ki gen H-pilori prezante? Kijan pou konnen ou fè H-pilori? Eske H pilori ka trete? Ki konsekans ki genyen si H-pilori pa trete ?

 

Kisa H-pilori an ye ?

H-pilori se yon mikwòb gram negatif ki gen yon fòm on vigil ak ke( poul naje). Nou konnen tout mikròb ki pedi jekwa zandye yo al tonbe nan estoma nou,ke  asid estoma ap tiye mikwòb san nan yon bat je. Alèkile, Bagay ki fe H-pilori an espesyal, se paske li ka siviv nan asid estoma, gras avek yon sibstans ki li pwodwi ki rele "Urease"( ireaz). Ki se yon sibstans( enzymes) ki gen kapasite pou transfome "Uréa"( on pwotein) estoma an "amioniaque"( amonyak). Amonyak lan pwoteje H-pilori nan estoma, Konsa H-pilori diminye asid estoma poul ka fe ti kay li rete nan selil estoma alèz tankou blèz tanperèz.   



KIjan nou ka pran nan mikrob sa?

Janm te di an, 50% kretyen vivan sou latè gen H-pilori ap viv nan nan vant yo( estoma). H-piloti se yon mikwòb ki egziste nan estoma, e li ka soti nan estoma atravè saliv(krache), matyè fekal( twalèt) ak nan dlo kotaminte ak H-pilori. Pou tèt sa, li fasil pou moun kap viv nan kondisyon ki pòv ak move lijyènn, moun kap viv pil sou pil nan kay, moun kap viv nan enstitisyon kominotè an group. Moun kap fe lè zonyon

Kondisyon sa yo favorize H-pilori, lè moun al twalèt epi yo pa lave men yo, H-pilori kole nan men yo, si  men yo pa  lave, H pilori ap kole nan manje epi li pase nan bouch poul desann nan lestoma ak manje an. Yo rele sa transmisyon fecal-oral(de poupou a bouch). Moun ki gen H-pilori ka pase mikwòb lan nan krache, le moun ap bo( pran lang). yo rele sa transmisyon Bocal-oral (de bouch a bouch).

 

Ki sentom moun ki gen H-pilori prezante?

Pifò moun ki gen H-pilori pa gen sentom, se sak fe H-pilori pwopaje an silans, ki fè mwatye kretyen vivan kap viv sou tè sa gen H-pilori andan vant yo. Jiskaprezan, la medsin pa konnen byen kisa ki fè pifo moun ki gen H-pilori pa gen pyès sentom. Epi gen yon bon lòt pòsyon moun ki prezante sentom enfeksyon H-pilori. Pami sentom sa yo :  Gwo doulè nan vant le yap manje( ilsè gastrik) , oubyen mwens doulè nan vant apre manje(ilsè peptik), gaz nan vant, mank apeti, pèdi pwa.


Kijan pou konnen ou fè H-pilori ?

Pou tet pifè moun ki fe H-pilori pa gen sentom li pa fasil pou yo konnen, mwen pwiske 50% moun kap viv sou tè an gen H-pilori, se Selman moun ki gen sentom kap enteresan pouf fè tès pou detekte H-pilori. Sa vle ou gen dwa gen H-pilori nan vant ou, pwiske pa gen sentom yo pa cheche fè tès pou konfime li.  Pami tès yo fe pou konfime H-pilore kay moun ki gen sentom:

 1.Tès poupou(le pli souvan apre tretman pou konfime eradikasyon)

2.  Tès san ki pi koman epi efikas( yo detekte H-pilori IGg serom ), tout moun ki enfekte ak gen Igg positif.  

3. Tès nan respirasyon, tes sa tre efikas pou deteckte H-pilori men li pa two Pratik anko.

4. Biopsi ke se yon test yo fe ak andoskopi pou etidye on ti kal vyann( tissue) nan estoma nan mikroskop.

 

Nenpot moun ki gen sentom sipoze fe younn nan tes say yo pou konfime si yo gen Hpilori, oubyen nenpot moun ki pa gen sentom men ki gen yon istwa familial de kansè estoma.


Eske H-pilori ka trate?

Wi, H-pilori ka trete avek 3 medikan an total padan kelke semenn. Moun yo trete se moun ki gen sentom e konfime yo gen H-pilori atravè younn nan tès ki mansyone yo . Siw gen sentom H-pilori sa vle di moun ki pwòch ou ka gen mikwòb lan tou menm ke yo pa gen sentom. Moun ki pa gen sentom pa bezwen trete. Men siw te gen sentom epi ou te pran tretman pou H-pilori, wap bezwen pran prekosyon avek lijyènn ou pouw evite enfekte ankò.


Ki konsekans ki genyen se H-pilori pa trete?

Si H-pilori pa trete le yon moun gen sentom, enfeksyon kronik H-pilori ka koze ilsè nan estoma, oubyen ilsè nan duodenum( premye pati nan trip nou). Sa ki pi grav li ka debouche sou kansè estoma. Anfen, li ka devlope yon ilsè ki telman fon, li pèfore estoma, fe moun sangle andan jiskaske yal nan peyi chapo ba. Menm jan ak yon ekriven fame ki rele "James Joyce" kite mouri ak maladi H-pilori nan tan lontan.

 

An rezime, padan wap li sijè sa, ou ka we kijan li fasil e posib pouw gen H-pilori nan vant ou. Paske 50% moun kap viv sou tè an gen mikrob sa nan vant. Selman on ti pòsyon nan 50% moun ki gen mikwòb lan gen sentom asyose ak H-pilori. Ti pòsyon moun sa yo konn bezwen fè tès pou konfime H-pilore avan yo bay tretman. H-pilori pwopaje nan move lijyènn lè moun fin twalèt yo pa lave men yo. Li enpotan pou moun ki gen sentom checche tretman pou yo pa evite konplikasyon tankou ilsè, kansè ak pèforasyon estoma defwa ki ka abouti ak lanmò.


Pou Kite on bèl komante sou pwofil entenasyonal mwen, klike la:  Dr.Lariviere



 

 

 

 

 

 

Dr lariviere

Mwen se Doktè Larivere spesyalist an cardioloji. Sa se yon blog pou trete sijè sante an kreyol, pou konble vid e edikie kominite an nan deba sante ki pi enpotan. Metew alez pouw li aprann on paket bel sije sante sou paj sa. Pa bliye kite komante epi pataje.

14 Comments

  1. Dapre tout sa Mwen sot li la M aprann ke pibon fason pou Yon Moun évite atrape maladie sa se patike bon jan prensip lijyen Ak milieu ke nou ap viv lan wi

    ReplyDelete
    Replies
    1. Wi, meyè fason pou evite H-pilori se nan pratik bon jan prensenp lijyènn.

      Delete
  2. Mercie Dr lariviere pou tout information sa yo bon travail mwen mande bondye beniw

    ReplyDelete
    Replies
    1. Merci bondye beniw tou, nap kontinye fe travay lan.

      Delete
  3. Mèsi anpil lariviere ... nap pran anpil preskosyon pou H. Pylori pa rive bó mwn avèk fanmi yo.. daprè sa mwn sot li la map kenbe sa an aplikasyon pou bagay sa pa rive kote nou .. ..

    ReplyDelete
    Replies
    1. M byen kontan, sa edem travay plis, lem we jan de komantè sa.

      Delete
  4. M felisite ankò pou bèl konesans w ap pataje ak nou, kesyon pa m nan se : yon moun ki fè H.Pilori ki jan de manje li ta dwe evite

    ReplyDelete
    Replies
    1. Li dwe evite manje ki pike, cafe, alkol ak manje ki fri nan lwil, manje ki two asid tankou tomat ak citron. manje ki two dous tankou siret ak gato.

      Delete
  5. Dr lariviere mesi pou bel travay wap fe nan kominote ayisyéne nan mesi anko

    ReplyDelete
    Replies
    1. mèsi, nap kontinye travay lan ak anpil kontantman

      Delete
  6. Gracias por la información. Eso me deja entender que tenemos que mantener siempre la higiene,así evitemos algunas enfermedades. Buen trabajo! 👌🏽💯

    ReplyDelete
Previous Post Next Post