Maklouklou(Hydrocèle)
Anpil moun panse maklouklou( grenn anfle) se 2 boul grenn gason an(testicules) ki anfle. Men, èske se vre?........Anpil moun kwè ke lè gason fè makloukou se èni(grenn anfle) yo genyen, èske se vre?
Trè souvan, maklouklou konn afekte yon gason fizikman, jan li mache, jan li chita, ak tip de rad li ka mete, epesyalman patalon. Pou tèt sa, li fè ke li difisil pou yon gason kache kondisyon sa sitou lè makloukou an gwo anpil. Le fèt ke maklouklou mal pou kache, li vin tounnen yon sijè piblik ke lòt moun ka obsève e opine de gason ki soufri maklouklou an. Souvan, nap tande moun di: oooo, se movan lè ki fè boul grenn lan anfle konsa,....oubyen, se yon fi li te kouche epi yo fèl kite frekan pou tèt lal mache di sa. Oubyen....se twòp chay ki lou li leve ki fè boul grenn li anfle konsa. Oubyen.. èni li soufri ki fè boul grenn li yo anfle konsa.
Pou tèt jan de kwayans sa yo. Li enpotan pou nou konnen kisa ki maklouklou?Konbyen tip de maklouklou ki genyen? Kijan moun fè gen maklouklou? kimoun ki ka fè maklouklou? èske maklouklou ak èni se menm bagay? kisa moun santi le yo gen maklouklou? Eske maklouklou ka trete?
KISA KI MAKLOUKLOU AN❓
Maklouklou fome se le gen twòp dlo ki koule e akimile nan sak(srotum) ki kenbe boul grenn yo( testicules).
Avan 2 boul grenn yo abite nan sak ki nan mitan 2 kwis gason an(scrotum). yo te lokalize nan vant, piske se nan vant gason de boul grenn yo fòme. De boul grenn yo(testicules) sipoze desann soti nan vant pou yal nan sak ki nan mitan 2 kwis gason an gras a yon zanmi ki rele "koulwa bouboun" oubyen "koulwa vaginal" (Processus vaginal).
"Koulwa vajinal" : Bon, imaje koulwa bouboun nan tankou yon ze ki nan pla men nou, e ke nou kenbe ze an menm jan nou kenbe yon ponyen dlo nan men nou pou li pa koule , epi imajine, nap desann ze an nan yon sache sanl pa kraze ni tonbe nan men nou.
Avek analoji sa, ze an reprezante testikil yo( 2 boul grenn gason) ponyèt nou ak men nou ki kenbe ze an reprezante "koulwa vajinal lan"(Processus vaginal), anndan ponyèt nou, olye de zo, se dlo ki anndan men nou( koulwa vajinal). Likid ki anndan koulwa vajinal lan( men nou) rann koulwa vajinal lan mou e swa poul ka pase byen fasil nan yon kanal ki rele kanal enginal. kanal sa lokilize kote kwis nou avèk vant nou kole ansanm( fant janm). Nan langaj zuzu yo rele fant janm nan "Lènn"( l'aine).
Raple nou ke koulwa vajinal lan gen likid(dlo) anndan li, e li volè likid(dlo) sa nan vant lan. Lè timoun fenk fèt, 80% pwa timoun se dlo selman ki fèl. pou tèt sa koulwa vajinal lan sipoze fèmen nan premye lane de vi timoun, poul enpeche twòp dlo(likid) nan vant kontinye koule anndan koulwa bouboun nan.
Ebyen, le koulwa vajinal lan pa femen, li kite dlo kontinye koule ladann, tout dlo sa oblije akimile nan men ki kenbe ze(koulwa vajinal) anndan sak boul grenn nan(scrotum), jis li fòme sa ki rele maklouklou an(hydrocele) kay timoun.
![]() |
Maklouklou |
KONBYEN TIP DE MAKLOUKLOU KI GENYEN❓
Jeneralman, gen 2 tip de maklouklou. Makloukou ki rete an kominikasyon ak vant nou, ak maklouklou ki pa rete an kominikasyon ak vant nou.
1)Premye tip makloukou an, kise makloukou ki rete an kominikasyon ak vant. nan ka sa koulwa vajinal pa femen pandan premye lane de vi timoun nan, sa fe ke anpil dlo ki nan vant lan vin akimile nan men ki kenbe ze(koulwa vajinal) ki nan sak boul grenn nan( scrotum). Makloukou sa konn varye nan gwosè, li konn rete li anfle tankou yon balon foutbòl.
2)Dezyèm tip de maklouklou an se yon maklouklou ki pa rete an kominikasyon ak vant. kote ke lè men an(koulwa vajinal) ki kenbe ze an(testikil) tap desann ak ze an(testikil) nan sache an(scrotum) li te desann avek on kantite dlo anndan men an( koulwa vajinal) men apre li fin desann nèt, li pa kontinye bwè dlo nan vant lan.
Konsa, Gwose maklouklou sa pral depann de katite dlo ki desann nan sak grenn lan avan koulwa vajinal femen. Sil desann on gwo kantite dlo ebyen lap fe on "gwo maklouklou", konsa sil desann ak on tikal dlo tou, lap fe on "ti maklouklou".
KIMOUN KI FE MAKLOUKLOU❓
Maklouklou ka afekte gason nan nenpot laj, men le pli souvan se yon pwoblèm ki prezante depi premye jou gason soti nan vant manman yo. li ka aftekte ti bebe gason nan premye lane nan vi li, e maklouklou an konn telman gwo, li konn menm gwose ak tet ti bebe an.
Makloukou an ka afekte jenn gason ak granmoun tou, le konsa se yon kondisyon kelkonk ki envite anpil dlo koule e akimile nan sak boul grenn nan "maklouklou" (hydrocèle), pami kondisyon sa yo, gen enfeksyon, tromatis(aksidan), filaryoz lenfatik( filariose lymphatique= maladi ki akimile anpil dlo nan kò an), ak kansè nan testikil yo.
ESKE MAKLOUKOU AK ENI SE MENM BAGAY❓
Lè maklouklou pa janm geri, oubyen li pa janm trete, li konn konplike oubyen transfome an èni. Eni se yon kondisyon kote pati nan trip nou ( entesten) ki sipoze rete nan vant, desann nan sak boul grenn (scrotum) lan atravè kanal enginal lan. Anpil fwa, gason ki leve anpil chay ki lou, ka depase fòs ke vant lan ka sipote epi eksè fòs sa ka pouse on pati nan entesten an (trip nou) nan kanal enginal lan, jiskaskel desann nan sak boul grenn nan(scrotum), yo rele sa yon èni enginal.
Eni enginal, ka fè sak boul grenn yo anfle menm jan ak maklouklou, men se pa yon maklouklou li ye. Paske makloukou fòme se le gen twòp dlo ki koule e akimile nan sak boul grenn nan. Tandiske èni, se yon pati nan trip(entesten) ou ki desann nan sak boul grenn nan.
KISA MOUN SANTI LE YO GEN MAKLOUKLOU ❓
Sak boul grenn anfle, se premye siy maklouklou. Maklouklou anpil fwa li pa bay doulè, li pa fè gason paka fè pitit, li pa kontajye nonplis, men li konn anmèdan si li gwo anpil. Gason konn santi sak grenn yo lou, epi li anfle. Raman, li ka bay doulè depandaman de koz lan, espesyalman nan ka aksidan, ak enfeksyon, oubyen filaryoz lenfatik, kay jenn gason ak gramoun.
ESKE MAKLOUKLOU KA TRETE❓
Jan nou konnen ke koulwa vajinal lan pran yon lane pou li fèmen apre ti bebe gason soti nan vant manman yo, konsa maklouklou an ka disparet pou kont li pandan premye ane an tou, paske dlo sa ki te akimile an, koulwa vajinal lan reyabsobe li pandan premye lane de vi timoun nan. Konsa, anpil maklouklou souvan resoud pou kont yo lakay jenn gason, granmoun tankou timoun. Defwa, yo konn rekomande chiriji, si maklouklou an gwo anpil nan ti bebe epi apre yon lane li kontinye ap gwosi toujou. Nan ka pa jenn gason, ak granmoun, yo konn bezwen tretman tankou chiriji tou, nan ka kansè, aksidan oubyen enfeksyon, le gen doulè, oubyen lè maklouklou an pa ka rezoud pou kont li.
REFLEKSYON
An konlizyon, lè yon moun fè maklouklou(hydrocèle) se pa kout lè li pran, ni se pa van ak move lè ki anfle boul grenn yo, se pa pote chay ki lou ki fè sa, ni se pa bouch gason yap fè peye pou aktivite seksyèl li divilge. Se pa de boul grenn gason an(testikil) ki anfle. Men se pito sak boul grenn nan(scrotum) ki anfle ak dlo, ki soti nan vant gras a koulwa vajinal lan ki pa femen kay timoun oubyen ki femen ak anpil dlo. E kay jenn gason ak granmoun, se aksidan, kansè, enfeksyon, filaryoz lenfatik e nenpot lot pwoblèm ki kreye kondisyon pou dlo koule e akimile nan sak boul grenn nan.
Enpotan pou diferansye maklouklou ak èni, maklouklou fòme se le gen twòp dlo ki koule e akimile nan sak boul grenn nan, tandiske èni se yon pati nan trip(entesten) lan ki desann nan sak boul grenn nan. Maklouklou pa bay doulè, ni li pa enpeche gason fè pitit, men li ka anmedan e afekte stil de vi gason fizikman, sitou si maklouklou an gwo anpil. Maklouklou komen kay ti bebe nan premye lane de vi bebe gason. Le pli souvan li rezoud poukont li, men defwa maklouklou ka transfome an èni si li pa janm rezoud pou kont li. E chiriji konn pèfome pou trete maklouklou nan ka espesyal.