Ronflement ( Wonfleman)/ Wonfle.



Ronflement ( Wonfleman)/ Wonfle.

Ooooo mezanmi, Nèg/fanm sa tèlman wonfle li enpechem domi aswè. Eeeeee, m poko janm yon moun wonfle konsa............ se pa posib, li genlè ak goumen ak move espri nan domi ki fè lap wonfle konsa........... Papam te konn wonfle wi men, se pa nan eta moun sa, o o.........Franchman, m renmen mennaj mwen anpil men, on sèl bagay, li wonfle anpil, dèfwa li tèlman ronfle m'oblije al dòmi nan salon an pou kont mwen.

Sa yo nou sòt tande la yo, se jis on tikal pami kantite pleyen ki egzite sou koze wonfleman. An reyalite, sijè wonfleman se gwo tèt fè mal sosyal pou anpil moun. Yo fe konnen gen 90 milyon ameriken nan USA ki gen pwoblem sa. Lè sa pa yon mennaj, se yon moun nan fanmi an oubyen on zanmi ki wonfle. Souvan, e malerezman, se toujou moun ki pa wonfle an ki viktim plis de wonfleman an. Lè konsa pwoblèm wonfleman konn kraze relasyon, li kraze zanmitay, li konn mete fanmi do za do chak lè solèy kouche, sitou si moun kap wonfle an pa admèt ke li wonfle anpil, ni aksepte chèche swen medikal pou ede konprann e trete pwoblèm sa. Enpak sikolojik, sosyal ka fatal pou moun ki wonfle(wonflè). Konsa tou, pou moun ki pa wonfle, Li vin yon gwo defi pou viv ak on moun kew bezwen nan lavi ou moun sa se yon wonflè sovaj.

Ebyen pou tout pwoblèm sa yo, sijè sa merite yon atansyon espesyal pou konnen: Kisa ki wonfleman ?Poukisa moun wonfle? Eske wonfleman se yon maladi? Eske moun kap ronfle soufri lè yap domi? Eske gen remèd pou moun ki wonfle? Ki pwoblèm moun kap wonfle ka devlope pi devan sil pa janm trete?


KISA KI RONFLEMAN?

An jenaral, yo define wonfleman kom yon pwoblèm ki ratresi espas ki pemèt pasaj lè nan gòj lan padan somèy. Sa vle di espas nan gòj vin telman piti nan yon nivo, li fè an vin ap goumen ak gòj lan poul travèse desann nan poumon yo lè nap domi.


POUKISA MOUN WONFLE?

Respirasyon se yon mannigèt ki gen 2 faz, oubyen 2 tan. Yon premye faz kote lè an pase nan 2 tou nen yo, travese gòj epil desann nan poumon yo, yo rele sa " faz enspirasyon". Epi yon dezyèm faz kote lè soti nan poumon, monte travese gòj, pou soti deyò nan 2 tou nen yo, yo rele sa "faz ekspirasyon".

Wonfleman manifeste nan "faz enspirasyon" an. Moun wonfle se le gen yon ratresisman nan espas gòj lan pandan moun nan fon somèy a koz de chanjeman poziyon, fòs jèvrèt(tonus musculair), gòj twò pwès( hypertrophy de tissue mous), mòlòlò, lage kò(laxité). Nan kondisyon sa yo, lè an kap pase nan gòj lan souke e vibre lalwèt(la luette) lan. Lalwèt se yon ti sak long bonbe ki pandje nan gòj lan. Se Vibrasyon lalwèt lan lè moun nan ap enspire nan domi ki kreye son ke nou rele "wonfleman".


KI KALITE GROUP MOUN KI SOUVAN WONFLE?

Kalite moun ki wonfle se moun ki gen gwo kou, moun ki obèz, moun ki gen gwo gòj, moun ki sou( ak kleren) kap domi kò mòlòlò , moun ki gen pwoblèm sinizit oubyen zo nen kwochi( nen bouche), moun ki gen gwo lalwèt, moun ki gen gwo amigdal, moun ki fimen, moun ki pran medikaman pou yo ka dòmi mòlòlò. Moun ki fatige anpil lè yo sot travay ki dòmi kò lage ak fatig, mòlòlò (laxité). Moun ki fèt ak gwo lang.Moun ki antre nan laj avanse( granmoun) paske jèvrèt yo vin fèb avèk letan. Moun ki sansib ak Tanperati ki frèt, epi moun ki strese.


ESKE WONFLEMAN SE YON MALADI?

Nan medsin yo konsidere wonfleman senp( san lòt pwobkem sante) kòm yon pwoblèm sosyal olye de yon pwoblèm klinik( maladi). Sa vle di on moun ki wonfle selman(senpleman) pa konsidere kòm on moun ki malad. Men, si wonfleman akonpaye de lòt pwoblèm tankou etoufman nan somèy, sa vle di ke moun nan sispann respire(oksijènn oubyen lè pa traseve) padan kelke sekond nan fon somèy. Nan ka sa yo konsidere moun sa soufri de yon kondisyon grav e serye ki rele "toufe nan domi" oubyen "etoufmand somèy" ( apnée du sommeil).


ESKE MOUN KI RONFLE SOUFRI LE YAP DOMI?

Moun ki sèlman ronfle pa soufri lè yap domi paske lè an (oksijenn) pase nan gòj lan kan menm, byen ke gen difikilte nan pasaj lè an akoz de ratresisman gòj lan ki vin kreye vibrasyon lalwèt souke anpil (wonfleman). Men, piske lè an goumen pou pase nan gòj, ak anpil travay jèvrèt, li posib pou moun ki wonfle sovaj santi yo fatige lè yo leve, yo konn santi bouch yo sèch.


ESKE GEN REMED POU MOUN KI WONFLE ?

Malerezman pa gen yon remèd(medikaman) espesyal pou moun ki wonfle. Kèk medikaman yo te konn itiize pa fonksyone vre, sak fè li difisil pou trete kondisyon sa ak medikaman. Men gen kèk zouti ak manniget moun ka itilize pou ede elimine oubyen amelyore wonfleman. Pami bagay sa yo:


1) Tretman ki fèt avèk lazè ki retire enpen chè(tissus) arebò gòj lan pou kreye plis epas pou lè pase, ENT spasyalis ( doktè ki spesyalize nan gòj, nen ak zòrèy, oubyen otorhinolaryngologie) pratike sa.

2) "Injection Snoreplasty" ( Piki pou geri wonflema) lèw voye lang ou dèyè gòj ou, ou ka santi on pòsyon byen mou ki rele (palè mou) avan ou jwenn lalwet lan. Pati mou sa se li ki kontinye nan goj lan poul pandje e konveti an lalwèt. Ebyen nan Injection Snoreplasty ( Piki pou geri wonfleman) yo enjekte yon likid nan palè mou an ki vin fè li di( rèd) tankou yon zo, le fèt ke li rèd li fè lalwèt lan rèd tou nan yon pwen li paka vibre nan faz enspirasyon, konsa moun nan tou sispann wonfle. Se doktè ki spesyalize nan gòj, nen ak zòrèy, oubyen otorhinolaryngologie) ki konn bay piki sa.

3)pèdi pwa enpotan pou moun ki obèz, oubyen moun ki gen BMI plis ke 30. egzèsis ak chanjeman dayèt ka amelyore wonfleman. Evite manje lè domi rive. kite 3 zèd tan pase avanw al domi lew fin manje.

4)Sispann bwè kleren avan dòmi. Kleren ogmante enflamasyon nan kòw, espesyalamn nan gòj ak nen epi li fè lang ak lalwet mòlòlò.

5)Dòmi sou bò gòch, posisyon sa kenbe pasaj gòj lan ouvè, ak zorye ki leve kou ak tèt pandan figi pozisyone anba tou piti . Evite dòmi sou do, pou sa, Sekirezi do ak zorye pou pa vire sou do nan domi. Moun ki soufri atwoz nan kou ( spondylarthrite cervicale) pap ka pratike modèl sa.

6) Meditasyon avek egzesis dyafragmatik( respirasyon) konn ede, medikaman natirel pou ede debouche nen konn ede tou tankou ( Siro myèl natirèl, sitron melanje ak zonyon) ak Te jenjann ka ede diminye enflamasyon nan gòj ak nen. Avanw domi fe egzesis respirasyon altène( bouche on nen respire nan lot lan pandan kelke sekond epi repete menm bagay lan ak lot nen an), sa ap pèmèt ou konnen kantite lè ak ak kalite lè ki ka pase nan nen yo avanw al domi.

7) Terapi aromatik, Respire oubyen pran sant lwil aromatik ( bon sant) ki ede elimine enflamasyon nan nen ak gòj. Takou lwil ekaliptis. Itilizasyon pansman sou do nen ( bandelette nasal) konn efektif pou trete nen bouche tou.

8) Evite medikan pou fèw domi, yo rele sa sedatif( ki fe kò an mòlòlò). Nenpòt medikan ki ede domi ka pwodwi oubyen agrave wonfleman.

9) Yo konn rekòmande chiriji pou yo ka ouvè plis espas pou gòj oubyen gagann pou pèmèt lè an pase pi fasil, men anpil fwa chiriji pa amelyore kondisyon an. Pou tet sa li difisil pou yo fè chiriji pou moun ki soufri de wonfleman senp selman. Men, Chiriji ka ede anpil tou, lè wonfleman senp lan soti nan pwoblèm nan nen, tankou moun ki ge twòp chè nan nen (adénoide nasal), moun ki gen pwoblèm nan zo anndan 2 tou nen yo( déviation ou deformation de la cloison nasal). anpil fwa wonfleman rezoud(geri) aprè yo korije pwoblèm nen nan ka sa yo.


CPAP machin pou trete etoufman somèy


KI PWOBLEM MOUN KAP WONFLE KA DEVLEPE PI DEVAN SIL PA JANM TRETE?

Si wonfleman pa janm trete li ka vin konplike an etoufmand somèy( apnée du sommeil). Moun ki wonfle ka fe tès pou detemine kijan somèy afkete sante lè yap wonfle. Li vreman enpotan pou moun ki wonfle cheche konsiltasyon pou evalye kalite somèy li. Li enpotan pou wonflè pase yon tès ki rele Polysomnographie(tès somèy). Lè konsa yo ka detèmine si wonfleman afekte kalite somèy lan. Sa ki pi grav, se ke, on moun ki wonfle e ki soufri etoufmand somèy sovaj( sevère) gen posibilite pou li mouri nan domi. Paske etoufmand somèy ogmante posibilite pou soufri ensifizans kadyaj( kè san fòs, tikè), li bay pwoblem konsantrasyon, fatig lajounen, fe moun ap domi sou moun sa atann lajounen, fe moun fe move san fasil, fe moun pa gen enèji. Se pou tèt sa yo konsidere pou tout moun ki wonfle fe yon Polysomnographie(tès somèy) pou detekte etoufmand somèy bonè.


Pou rezime, se pa move lespri ki fè moun wonfle. Men si pito chanjeman poziyon, fòs jèvrèt(tonus musculair), gòj twò pwès( hypertrophy de tissue mous), mòlòlò, lage kò(laxité) ki koz yon ratresisman nan espas gòj (kote pou lè an pase) e ki vibre lalwèt lan nan faz ensperasyon pandan moun nan fon somèy. Gramoun, moun ki obèz, moun ki strese, fatig, moun ki bwè kleren, etc.. fè pati group moun ki souvan wonfle. Byenke, wonfleman pa yon maladi men, enpak wonfleman sovaj telman brital sosyalman ke li enpotan pou chèche atansyon medikal pou konprann rezon wonfleman an ak tretman apwopriye. Wonfleman pa gen medikaman, men gen anpil zouti ak mannigèt pou korije li. Konsekaman, Tout moun ki wonfle dwe konsidere yon Polysomnographie(tès somèy) pou etidye enpak wonfleman sou kalite somèy lan ak konplikasyon tankou etoufmand somèy ki se yon kondisyon grav ki ka debouche sou dè konsekans letal.



Dr lariviere

Mwen se Doktè Larivere spesyalist an cardioloji. Sa se yon blog pou trete sijè sante an kreyol, pou konble vid e edikie kominite an nan deba sante ki pi enpotan. Metew alez pouw li aprann on paket bel sije sante sou paj sa. Pa bliye kite komante epi pataje.

Post a Comment

Previous Post Next Post