Tou Bouboun Avèg, ( blind vagina), Vagin aveugle.
Nan tan kounya, afè sèks diferans se yon gwo defi pou jènn gason kap cheche fi ki natirèl pou fè fwaye. Pou konnen kilè yon fi se yon fi natirèl se yon gwo defi. Men, pou konnen kilè yon tou bouboun wè oubyen kilè yon tou bouboun pa wè (avèg), se yon pi gwo defi toujou. Afè tou bòbòt avèg lan se yon sijè ki te fè anpil pale anpil sitou le yo te fin dekouvri ke bèl fanm ki te jwe fim "true lies" avek Arnold Schwarzenegger an te soufri yon kondisyon ki fèl fome yon tou bòbòt ki pa wè (vajen avèg).
Pou tèt kondisyon sa poze anpil tripotay, pou tèt tou bouboun avèg gen yon enpak sikolojik e sosyal ak stigma ki tankou bwa kale pou moun ki viktim de kondisyon sa. Li enpotan pou mwen pote limyè nan blakawout sosyal sa. Nan liy sa yo, nou pral aprann kisa ki " tou bòbòt avèg"? Kisa ki fè on moun gen tou bòbòt avèg? Eske moun ki gen tou bòbòt avèg konsidere kòm fi oubyen kòm gason? Kijan pou sispèk tou bòbòt avèg? Eske gen tretman pou tou bouboun avèg?
KISA KI TOU BOUBOUN AVEG LA?
Nòmalman, pati entim (jenital) on fi divize an 2 pati, gen yon pati deyò ki rele bouboun( vulve) ak on pati anndan ki rele tou bouboun( vagin). Pati jenital dwe koneke ak sistem reprodiktif( sistem pou fè pitit). Sistèm repwodiktik (pou fè pitit) lan fome ak matris( uterus), twomp yo( trompe de fallope) epi ovè yo( ovaire). Tou bouboun nan ouvè zye li sou matriz lan poul ka wè e konekte ak sistèm repwodiktif lan. Se apati de koneksyon sa ke spèm yo ka naje ale jwenn ze(ovule) ki chita nan twomp lan . Chak lè sistèm reprodiktif lan pa jwenn spèm nan tou bouboun kap gade matris lan pou fè pitit. Ebyen, sistèm nan fè matris lan degrade e jete san( hemorragie) ke li te sere pou fè pitit lan sou fòm règ( menstruation). Atò, alèkile, yon tou bouboun avèg, se yon tou bouboun ki pa koneket ak matris lan( uterus) oubyen ki pa jwenn matris poul konekte avel, piske tou bouboun sa pa wè/pa jwenn matris lan, li pa ka koneke ak sistem repwodiktif lan. Yo rele sa: "Tou Bouboun avèg ( blind vagina) Vagin aveugle".
KISA KI FE ON MOUN GEN TOU BOUNBOUN AVEG?
Moun ki gen tou bouboun avèg se moun ki gen yon kondisyon ki rele "sendrom ensansib ak androjèn" (syndrome d'insensibilité aux androgènes). Androjèn se òmonn( protein) ki ede gason vin gason tout bon. Se òmonn sa ki fè gason gen vwa gason, ki fè gason gen koulout( penis) ki byen devlope, ki fe fòm gason byen trase ak gwo zo miskle. Lè ke yon moun pa sansib ak androjèn( pa reaji ak androjèn) li fè ke moun nan parèt tankou fi tout bon e li fè penis( koulout) pa devlope, nan plas koulot se bouboun ki fome epi li fè moun nan kanpe byen trase tankou fi ak bèl po swa, ak bèl cheve, bèl vwa ak tete nòmal.
ESKE MOUN GEN TOU BOUBOUN AVEG KONSIDERE KOM FI OUBYEN KOM GASON?
Genetikman palan on gason gen 2 kromozom kise yon X ak yon Y, gason =(XY). E yon fi gen 2 kromozom yon X ak yon lòt X, fi = (XX). Moun ki gen tou bouboun avèg(sendrom ensansib ak androjèn) gen kromozom XY = gason. Men yo gen kò fi, vwa fi, cheve swa, bèl po, gwo tete, epi yon ben bouboun(vulve) nomal ak tou bouboun(vagin) san matris( uterus), san sistèm repwodiktif paske yo pa reaji ak androjèn. Yon egzanp trè fame de moun ki gen tou bouboun avèg akoz de sendrom ensansib ak androjèn se "Jamie Lee Curtis" nan "true lies". Konsa tou gen fi =XX ki gen tou bouboun avèg akoz de yon kondisyon ki rele "Agénésie müllérienne". Lè se fi an fèt san matris oubyen ak on matris ak tou bouboun ki piti( mal devlope). Fi sa souvan gen menm pwoblèm ak yon gason ki gen sendrom ensansib ak androjèn.
KIJAN POU SISPEK TOU BOUBOUN AVEG?
On moun ki gen tou bouboun avèg akoz de sendrom ensansib ak androjèn pa janm gen plim sou kòl, ni anban bral, ni nan bouboun li. Androjèn pèmèt gason gen plim sou kò, se sak fe gason gen plis plim sou kò pase fi, paske gason gen anpil androgèn. Se menm jan tou le fi gen twop androjèn li fè fi an gen anpil plim sou kò tankou gason, fi an menm konn gen bab nan figi tou, yo rele sa isitism (hirsutisme). Piske moun ki gen tou bouboun aveg pa reaji ak androjèn, yo pa ka pouse plim pyès kote sou kò yo. Anplis, Moun ki gen tou bouboun avèg pa janm gen règ, ni yo pa janm ka fè pitit. Yo souvan gen doulè lè ap fè bagay(sex). Yo plenyen pou anba ti vant ba lè yap fè bagay, paske yo pa gen matris epi tou bouboun nan konn kout, pou tèt sa se pa tout longè koulout(penis) yo ka tolere.
ESKE GEN TRETMAN POU TOU BOUBOUN AVEG?
Pa gen tretman pou tou bouboun avèg men yo rekomande anpil sipo sikolojik pou moun ki fe sendrom ensansib ak androjèn. Paske moun sa toujou nan yon konfli san fen. Sil di li se gason yo mande kote koulout li ak pòtre gason li. E sil di li se fi yon mande kote matris ak règ li, e koman fè li XY sil se fi. Konsa, Li vin tounen yo gwo defi sosyal ak fristrasyon sikolojik pou moun ki gen tou bouboun aveg ranpli devwa gason lè yo pa gen koulout, oubyen ranpli devwa fi lè yo pa gen règ ni paka fè pitit. An pasan, Sou chak 20000 gason gen 1(younn) ki gen tou bouboun avèg akoz de sendrom ensansib ak androjèn.
![]() |
jamie lee curtis |
REFLEKSYON
Malgre leve defi nan diferans sèks pou kreye fwaye rete yon kalòt nan lespri jenn gason ak jenn fi, nap aksepte konprann ke, tou bouboun avèg asossye avek sendrom ensansib ak androjèn. Yon kondisyon ki fe yon gason (XY) gen kò fi ak tou bouboun ki pa konekte ak okenn aparey repwodiktif. Moun sa pap ka fè pitit, ni li pap gen règ, ni plim sou kò. Anplis, fè bagay ka trè enkonfotab pou moun ki gen tou bòbòt avèg. Nou pa dwe janm konfonn tou bouboun avèg kay fi (XX) ki asosye avèk ajenezi milaryèn ( Agénésie müllérienne) kote ki fi an fèt san matris oubyen li fèt ak on matris e tou bouboun ki piti. Fi ki gen tou bouboun avèg gen menm pwoblèm sosyal e sikolojik ak gason ki gen tou bouboun avèg. Moun sa yo toujou bezwen gwo sipò sikolojik ak sosyal pou yo ka alèz nan po yo. Raple nou ke moun sa yo, se pa yon chwa ke yo fè pou gen tou bouboun avèg, men se konsa yo fèt, se konsa granmèt la kreye yo.