Twòp Sik Nan San( Hyperglycémie)


Twòp sik nan san( hyperglycémie)


Sik, oubyen “glucose“( glikoz), Mezanmi., eskenn konnen nou manje sik chak jou sou tout fòm? Si yo mande nou ki valè sik nou konsomen pa jou èske nap konnen? Gen moun ki panse ke yo pa konsomen anpil sik(glucose) paske yo pa manje bagay ki dous, Eske se vre? 

Younn nan rezon nou souvan pa konnen kantite sik nou konsome pa jou, se paske Anpil fwa lè nou tande sik(glikoz) nou panse souvan avèk sik de tab lan (sik rafine) oubyen nou panse ak sik ki nan manje ki dous tankou kann ak mango ak sirèt. Men, an reyalite sik(glikoz) kache preske nan tout manje, espesyalman nan aliman ke yo rele “hydrate de carbone“( kaboyidrat), yon sous manje ki gen anpil sik ki gen lamidonKaboyidrat) ki se yon fom sik pwès ki nan yanm, pòmdete ak bannannlabapendiri, mayible, farin, bonbon e latriye

Nan sans sa, nou klere je nou pou konprann ke on manje ki pa dous pa vle di kel pa gen sik(glikoz). Alekile, Le fèt ke anpil moun pa enfome sou valè fason sik(glikoz) ka egziste nan manje, li vin fè ke anpil moun ap konsomen on valè sik ki depase kantite sistèm yo bezwen chak jou. Piske nap viv nan yon tan ki fokis sou fè manje fasil a baz de sik( glikoz) pou elimine grangou rapid. Afè sik lan vin tounnen yon gwo dange sosyal pou kantite dega “twop sik nan san”(hyperglycémie) ap fè nan la sante piblik.

Pou tèt sa, li enpotan pou nou konnen Kisa twop sik nan san vle di? Eske twop sik nan san se yon maladi? E Ki fason on moun vin gen twop sik nan san? ki kalite moun ki afekte plis? kijan nou ka evite gen twop sik nan san? Ki konsekans twop sik nan san genyen nan sitem nou? Ki sentom moun ki gen anpil sik nan san genyen? eske twop sik nan san ka trete ? 

KISA TWOP SIK NAN SAN VLE DI

Nòmalman, tout selil(cellules) nan ko nou bezwen sik(glikoz) kom enèji poul fonksyone sitou selil ki nan sèvo nou ak selil nan kè nou. Pou tet sa sèvo nou ak kè nou itilize sik 24 sou 24,  konsa nou toujou gen yon kantite sik nomal kap sikile nan san nou ant 77 a 99 miligram pa desilit. Chak le nou manje, lestomak nou etilize asid pou dekonpoze manje an poul jwenn eneji sou fom sik(glucose). Le sik sa rantre nan san nou li monte kantite sik lan pi wo ke 99, tankou 180 oubyen 300, depandan de kantite sik manje an genyen. Rapidman gen yon ògann ki rele “pancreas” ( pankrea), depil we sik lan monte nan san nou li pwodwi yon òmònn(sibstans) ki rele insuline (Ensilin). Ensilin lan sevi kòm kle pou ouvè pòt selil yo pou nou ka itilize sik lan kom enèji. Espesyalam nan sèvo ak an  nou, epi tout javrèt( muscles) kò nou.

Travay pankrea se pwodwi ensilin a travè “selil Beta” ( cellules Beta) chak le nap manje pou li ka desann kenbe sik nan nivo ki pa danje pou ko nou. Gen sitiyasyon kote moun manje twòp kabohidrat( lamidon) ki fe sik la toujou wo nan san chak jou jiskaske selil nan ko nou vin fe rezistans ak Ensilin, le konsa ensilin paka ede sik lan antre nan selil sèvo ak  ak jevrèt. sik la kounya ki pa jwenn kote poul ale li rete ap sikile nan sa ak yon nivo ki byen wo e ki danjere, le konsa nou etabli on kondisyon yo rele sik wo oubyen twòp sik nan san (hyperglycémie) ki ka abouti a “diabetes“( diabèt), maladi sik

KI FASON ON MOUN VIN GEN TWOP SIK NAN SAN

Kòm nou konnen Pankrea jwe on ròl enpotan nan kontrole e kenbe kantite sik kap sikile nan san nan valè nòmal. Poutèt sa pifò pwoblèm twòp sik nan san gen pou wè avèk yon pwoblèm ki egzizte nan pankrea . Konsa gen 5 fason nou ka fe sik twò wo(diabètes).

  1. Premye fason malerezman se moun ki fet ak yon pankrea ki pa ka pwodwi ensulin, oubyen on pankrea ki pa pwodwi ase insulin. Yo rele sa dyabèt tip 1. Kisa yon tip de twòp sik nan san ki egziste depi lè timoun nan fèt. Kote ke selil sistèm defans( sistèm iminitè) ko nou atake “silil Beta” nan pankrea. ki fe ke “selil Beta” yo mouri nan pankrea epi yo poko pwodwi ensilin. Tip diabet sa rele insilin depandan, sa vle di Moun sa bezwen pran piki ensilin pou tout lavi li. Moun sa konn devlope “pied de charcot” kote afketasyon nè yo ak zo atikilasyon pye moun nan.
  1. 2. Dezyèm fason moun ka fè twòp sik nan san, se lè ke pankrea travay twòp le yon moun gen yon rejim alimante ki rich ak kaboyidrat, nou telman pwodwi anpil ensilin pou ranje sik nan san jiskaske sistèm nou devlope rezitans ak efè ensilin nan selil yo. Yo rele sa dyabèt tip 2, ki se yon dyabèt kote ke ensilin lan paka ouvè pot selil yo pou sik ka antre, konsa sik lan akimile nan san rive jiska 800 dèfwa. Dyabèt Tip 2 an pi komen kay granmoun, e nan ka sa, pankrea pwidwi ensilin men selman nou pa ka itilizel pou konsome sik kom eneji.
  1. 3. Twazyèm fason, se kay fi ki ansent, ki gen sik wo pou la premye fwa pandan yo ansent jiskaske yo akouche. Epi malerezman apre yo akouche sik lan toujou rete wo li pa janm desann anko. yo rele sa diabèt jestasyonal ( diabètes gestasionelle).

  1. 4. katriyèm tip lan rele “MODY” ( maturity onset diabetes of the young) Piske tip 2 an pi koman kay granmoun pou tet fisiopatoloji an, le yo jwenn li tip 2 an prezante nan jènn moun yo rele li “MODY“. MODY an pa monte sik lan wo nan yon kantite ki danjere, paske le pli souvan jenn moun sa gen yon pwofil fizik nòmal ak pwa nòmal epi yo pa manifste sentom tipik sik wo nan san.

  1. 5. Senkyèm tip lan se “LADA” ( late onset diabetes of the adults) Piske diabet tip 1 an koman kay timoun plis, lè li prezante kay granmoun nan yon laj avanse yo rele sa “LADA” ki se yon tip de sik wo ki pataje menm fisiopatoloji diabet tip 1 an. Si nou raple nou dyabèt tip 1 an toujou prezante kay timoun men nan ka sa li manifste kay granmoun ak menm karateristik klinik tip 1 an. Tankou on bagay ki barew nan wout a yon laj san atann. Se pou tèt sa yo relel “LADA“.


ESKE TWOP SIK NAN SAN SE YON MALADI

Twòp sik nan san (hyperglycémie) pa souvan yon maladi, men si twòp sik nan sa pa korije li ka vin konplike a yon maladi ki rele “dyabèt“, kise yon kondisyon kote twòp sik nan san fè selil( cellules) yo vin rebèl ak ensilin, malgre pankrea pwodwi ensilin lè nou fin manje, ensilin lan pa ka ouvè pot silil yo(membranes cellulaires) pou sik lan ka antre annda selil lan(cytoplasme) poul itilize sik lan. Le kosan sik lan rete nan san lap monte pil sou pil. Le nou cheke sik nan san nou li ka men wote nan 300 a 500 defwal konn piwo 800. Alèkile, yo rele diabet ki reziste ak ensilin. Kòm globil rouj nan san atache ak glucose sou fòm HBA1cHemoglobine A1c), yo ititilze pousantaj sik ki atache avek globil rouj pou konnen ki kantite sik ki sikile nan san, nivo nomal lan se mwens ke 5.6%. Lè nivo A1c ant 5.6% a 6.4% yo rele sa Prediabètes oubyen atak dyabètDyagnostik Dyabèt etabli le nivo A1c an igal ou plus a 6.5%.


 KI KALITE MOUN KI AFEKTE AK TWOP SIK NAN SAN

Moun ki a risk pou devloptwòp sik nan san se moun kap manje anpil kabohydrat, ak pi ki pa fè spòmoun ki obez, moun ki ap pran steroid, moun ki ansent, moun gen anpil stress, moun ki gen manje depase le yo strese. Moun ki manje twop bagay dous, moun ki gen pwoblèm nan pankrea direkteman.

Kaboyidrat/lamidon/glikzoz






KIJAN NOU KA EVITE GEN TWOP SIK NAN SAN

Glikoz(sik) se tankou gaz li ye pou ko nou. Sa vle di san Glikoz( sik) nou pap gen eneji ak fòs ke sistèm nou bezwen pou fonksyone. Antou, se sèl nan manje nou ka jwenn sik( glikoz) pou nou fonksyone. Se sak fe nou bezwen manje chak jou pou nou ka bay sistem nan sik pou li ka travay. Le nou manje epi nou pa egzesis ko nou konseve sik lan sou fòm grèss epi on pati nan sik lan rete akimile nan san. Konsa, meye fason pou evite soufri twop sik nan san se chanje rejim alimantè nou, manje mwens kaboyidrat epi sak pi enpotan se fe egzèsis pou ede selil yo itilize sik kap sikile nan san kom enèji.






KI KONSEKANS TWOP SIK NAN SAN GENYEN NAN SISTEM NOU 

konsekans twòp sik nan sa apa de dyabèt, sik la ka akimile tout lòt kote nan ko an lèl twò wo nan san.

  1. Twòp sik nan san ka vin akimile nan fwa an grand kantite, li vin koz enflamayon nan fwa ki rele “Hepatites” ( fwa anflame), anplis fwa konveti eksè sik lan an grès nan fwa ki vin bay on “foie gras”( gwo fwa)
  1. 2.Eksè sik lan ka akimile nan fib optik zye nou, ki ka koz moun vin avègMoun ka devlope katarak.

  1. 3.Twòp sik nan sa ka akimile nan atè ki nan  nou, li ka devlepe blokaj nan tib kadyakarteres coronaire) ki vin ogmante risk pou fe atak kadyak ak ensifizans kadyak.

  1. 4.Twòp sik nan san ka akimile nan fib nèvez yo( neuropathy diabétique), moun konn pedi sansayon nan pye yo paske nè yo domaje ak sik, le konsa yo pa santi doule byenMoun ka blese nan pye san yo pa janm santi saBlese an ke enfekte ak mikwòb, yo rele sa “pied diabetique” le konsa si enfeksyon an rive nan zo, yo ka oblije koupe pye an oubyen zòtey nan pye ki afkete an avan li pwopaje nan san.

  1. 5.Twòp sik nan san ka ekimile nan sèvo, le konsa li ogmante risk pou soufri alzheimer, ak stròk ak demencepèdi tèt).

  1. 6.Twòp sik nan san ki pa kontwole, pwiske ko nou paka itilize sik kom enèji, li komanse etilize grès tankou trigliserid( triglycrides) kom sous enèji. Pa konsekan fwa pwodwi yon metabolit ki gen menm strikti ak asetònn. Metabolikman, Sistem nou pa zanmi ak asetònn. Konsa, Twòp asetònn nan san fe sistèm nou vin asid e li mete strèss nan sistèm nan, on kondition metabolik ki rele ketoacidose diabétique (kò moun nan vin asid ak asetonn) ki ka abouti a koma lanmò. Kondisyon sa pi komen nan fom dyabet tip 1. Li difisil pou moun rive nan faz fatal sa ak dyabèt tip 2.

KI SENTOM MOUN KI GEN ANPIL SIK NAN SAN GENYEN

Moun ki gen anpil sik nan san ki pa trete prezante yon kad klinik klasik ki rele “lè 3 P.”

  1. Polyurie : sa vle moun nan urine souvan, se yon fason pou ko nou ka elimine sik nan pipi nou. Moun sa ka vin dezidrate, bouch li seche epi po li seche.
  2. Polydipsie: Pwiske moun sa pipi anpil, li fè ke li swaf anpil, konsa li bwè dlo souvan poul ka ranplase dlo li pedi nan plede pipi an.
  3. Polyphagie: moun sa grangou souvan, malgre li fèk sot manje, paske ko li paka itilize sik lan kòm enèjisèvo an panse se sik ki pa gen nan san ase, epi li estimile on dezi egazajere pou manje pou jwenn sik. Pou tèt sa moun sa souvan pedi pwa, epi li santi li pa gen enèji.
polyurie/polydipsy/polyphagie






ESKE TWOP SIK NAN SAN KA TRETE

Wi, twòp sik nan sahyperglycémie) ka trete avan li fè dega, oubyen avan li vin tounnen dyabèt. Pousa li dwe dedekte a tan. Yon tes san glikoz nan san ka pèmèt ou konnen siw fè sik wo ou pa. Avèk yon glikomètmachin pou mezire sik rapid) ou ka detekte ki nouvo sik ou ye lèw fek leve le maten. Nivo nòmal sipoze ant 70 a 99 ajen. Sil pi wo ke sa ou vle fe yon tès san nan laboratwa pouw konnen nivo A1c ki se idatificatè dyabèt.


An rezime, Se pal sèl manje dous ki ka monte sik nan san, anpil lot manje tankou kabohydrat se ypon gwo akize nan zafè sik nan san. Twòp sik nan san se yon pwoblèm trè komen ki afekte moun nan tout laj. Defwa se yon kondisyon iminitè kay timoun ki koz li, ki se dyabèt tip 1. Dèfwa se fason nou manje kisa rezon ki pi komen ki fe moun devlope konplikasyon twòp sik nan sa ki se dyabèt tip 2Egzèsis ak chanjman rejim alimantè se meyè fason pou evite dyabèt tip 2. Panda setan, pran piki ensilin pou lavi se meyè fason pou kontrole diabet tip 1.


 Manifestasyon klasik sik wo nan san(hyperglicemie) prezante ak “3 P” yo, polyuriepolydipsie, polyphagie, e pami konplikasyon ki grav gen pye dyabetikavegleman, strokatak kadyakpèdi tit, ak konplikasyon nan ren ak fwa ak acidosis diabetique ki ka debouche sou koma ak lanmo espesylaman nan ka dyabet tip 1.










Dr lariviere

Mwen se Doktè Larivere spesyalist an cardioloji. Sa se yon blog pou trete sijè sante an kreyol, pou konble vid e edikie kominite an nan deba sante ki pi enpotan. Metew alez pouw li aprann on paket bel sije sante sou paj sa. Pa bliye kite komante epi pataje.

10 Comments

  1. Atik lan vrèman enteresan , mw felisite n Pou bon travay sa .

    ReplyDelete
  2. Felisitasyon Dr. Larivière sujè a trè infòmatif e enteresan konsa anpil moun ap kapab oriente yo plus sou maladi sa kap fè aktualite de jou an jou e kap fè ravaj Kay anpil moun san yo pa janm konnen vreman koz maladi sa.

    ReplyDelete
  3. Parabens Dr muy buen trabajo esto es super importante.😀 😊

    ReplyDelete
  4. Atik la vreman klè e presiz mèsi pou fomasyon an

    ReplyDelete
  5. Bon bagay Dr Lariviere nou renmen travay la anpil sitou anpil nan nou gen kontwol sa nap konsome mesi pou edikasyon nou wap fe nan sans sa map toujou la poum komante pataje epi like mesiiii

    ReplyDelete
    Replies
    1. Mèsi anpil pou bèl komantè sa, sa ankourajem kontinye travay lan.

      Delete
  6. Sa a se on atik ki move ... Apwòch ou fè yo jis e mwen vrèman felisitew... Sèlman mwen tap renmenw pale ou mansyone sou dega ke sik la kapab fè sou ògán yon moun ki diabetik... mwen felisite'w Doc Andy bon travay kontinye frape...

    ReplyDelete
    Replies
    1. Mèsi anpil, bèl komantè sa toujou pousem poum kontinye travay lan. Dega sik lan ka fè sou ogan on moun ki fe diabet se plis nan atè yo. avek le tan li ka devlope blokaj nan tib sangen yo( artères). Espesyalman nan tèt( strok), nan kè( atak kadiak), nan pye( pye diabetik) nan zye( retinopati) ki afekte retin zye an ki ka fe moun aveg, nan sistem nève( neropati), anfen li ka afekte ren(ensifizans renal).

      Delete
Previous Post Next Post